Anseyan lekòl prive ak piblik yo bay minis Edikasyon Nasyonal, Pierre Josué Agénor Cadet yon mizangad

265

Pòdpè___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès mèkredi 29 jwiyè 2020 an, anseyan lekòl piblik melanje ak prive leve vwa yo nan depatman Nódwès la, prensipalman nan vil pòdpè pou denonse otorite yo nan ministè edikasyon nasyonal.

Anseyan protestan sa yo lonje dwat sou minis Cadet ki pa janm mande yo ki mò ki touye lanperè ki ta di pou reponn ak revandikasyon yo. Konsa, gen nan yo ki pa’t mete dlo nan bouch yo pou voye toya sou minis la yo di ki pa sispann woule yo nan farin. Anseyan sa yo pwomèt tou pou yo boycott repriz aktivite eskolè a ki prevwa nan dat 10 out kap vini an, si tout fwa Ministè Edikasyon Nasyonal pa reponn ak revandikasyon sa yo ki se:


a) Nome tout anseyan kalifye yo ki nan sal klas yo.
b) Bidjetize tout pwofesè ki gen lèt nominasyon anba ponyèt yo depi plis 5 lane san touche yon pyas.
c) Peye yo tout aryere salè yo.
d) Bay chak anseyan Gd 75000, kòm salè debaz.
e) Peye tout Lekòl prive yo lajan sibvansyon nou te pwomèt yo nan moman pandemi KOVID-19 la.

Li enpòtan pou n raple, anseyan lekòl piblik nan “tèt kole” ak anseyan lekòl prive yo nan depatman nòdwès la ki kontinye ap reklame lajan sibvansyon leta Ayisyen te pwomèt yo pandan peryód konfinman, fè konnen y’ap rete mobilize jiskaske otorite yo nan leta a, reponn ak revandikasyon yo.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.