Jakmèl sekirite: Lapolis fouke Palaki, yon chèf gang sangwen

985

04-05-2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan Sidès, mare tankou krab Jean Pierre Anthony anpil moun konnen sou non Palaki ki se 2è chèf gang “Team H”. Nan yon operasyon nan lokalite Mòn Oje ki trouve-l nan komin Jakmèl, lapolis mete men sou gwo koure sila kap simen latèrè nan mitan popilasyon an, byenta nan jedi 04 avril 2024 la.

Daprè detay sal nouvèl TRiboLAND jwenn nan men otorite Polisyè yo, Lapolis nan Sidès tap chèche Jean Pierre Anthony pou: asasina, vyòl, asosyasyon malfektè, pou-n site sa yo sèlman.

Lapolis bay popilasyon an garanti, lap demantle p ki anba kontwòl sangwen Herby Guerrier ki bati katye jeneral yo nan Mòn Oje. Jean Pierre Anthony pou konnya trouve-l nan gadavi pou swit nesesè.

Comments are closed.