Ayiti vyolans: Ajan UDMO maltirize yon gwoup pwofesè pami yo yon Jounalis trè popilè nan Nòdwès

0 639

Pòdpè____(TRiboLAND) Lapolis pa chome ditou ditou nan kontinye vyole ou maltrete jounalis anndan peyi a. Pèsònn pa ka imajine sa jodi Jedi 30 Avwil 2020 an! Apwè zak bosal ki te fèt sou jounalis Tele Radyo Karaib la nan kapital la ki apènn gen twa jou, lapolis maltirize yon lòt fwa ankò yon jounalis nan vil Pòtpè ki pote non, Jn Wisner Jean Baptiste nan moman li tap kouvwi pwotestasyon yon gwoup ansenyan devan lokal Depatman Edikasyon Nasyonal Rejyon Nòdwès la.

Jn Wisner Jean Baptiste

San mande ki mò ki touye lanperè, ajan UDMO yo debake avèk bwitalite san parèy, matrake ou bastone plizyè pwofesè e jounalis ki ta pral kòmanse reyini pou revandike aryre salè ke leta dwe yo depi plizyè lane. Anpil moun pran jifle e genyen plis pase 20 pwofesè ke yo rete e imilye, ki koulya nan gadavi nan Komisarya Pòdpè a. Yon konsta legal ki te asure avèk Jij Paul Blanc.

Antouka, nan yon entèvyou ke li bay lapwès, Mesye Jn Baptiste deklare se yon konplo ki byen moute. Se polisye kap sèvi pouvwa a ki pa ditou dijere yon seri analiz ke li toujou fè sou radyo. Tout sa yo antre nan yon plan pon mete baboukèt nan bouch lapwès nan peyi a, dapwè sa viktim nan deklare bay repòtè TRiboLAND.

Sekretè Jeneral Association des Jounalistes Nord’Ouest (AJNO), ki se Ychmuth Corneille pat pran tan pou reyaji e kondane avèk anpil rigè zak vandalism ak abitrè ke lapolis kontinye ap fè sou Lapwès nan peyi Dayiti. Dapwè Sekretè a, AJNO gentan tou pare pou akonpanye Jean Wisner Jean Baptiste, ki se Trezorye AJNO yon fason pou li pouswiv polisye malfwa yo ki pran yon malen plezi maltrete e vyole dwa sitwayen pèzib paske yon gen zam nan men yo.

Yon lòt viktim, yon lòt abi, yon lòt vyolans e yon lòt kou pou lapwès avèk yon pouvwa ki detèmine pou enstore yon diktatè onon Enperyalis avèk kowonaviris!

Leave A Reply