Manm Kodinasyon depatmantal FRN Grandans, denonse yon plan matyavelik ke yo ap planifye pou asasinen Guy Philippe.

971

09 – 06 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès, Kodinasyon depatmantal Fron Rekonstriksyon Nasyonal (FRN) Branch Grandans, denonse yon matyavelik pou elimine Guy Philippe tout swit li antre anndan peyi a.

Se responsab FRN yo, se yon konplo kap pwepare nan Pòtopwens, pou ta asasinen ansyen Senatè eli Grandans lan, Guy Philippe osito li ta pile tè Dayiti an. Egzekisyon yon parèy plan, ap plis chita sou pretesk li pwal antre vinn konbat bandi sangwen nan peyi a.

Sepandan, malgre tout denonsyasyon sa yo, responsab ak tout senpatizan mouvman Fron an nan Grandans, ap miltipliye bwas pou fete liberasyon lidè yo, Guy Philippe demen jedi 7 septanm 2023 a, apwè li finn puje pènn li nan pwizon blan meriken.

Comments are closed.