Ministè Pare kou Repiblik Dominikènn nan gen pou bati 10 nouvo pòs pou pwoteje fontyè li avèk Ayiti

0 302

Santo Domengo, Repiblik Dominikènn__(TRiboLAND) Nan yon anons ke li mete deyò ayè Lindi-a, Minis kap pare kou pou peyi Repiblik Dominikènn nan, Lyetnan Jeneral Rubén Paulino Sem fè eta de planifikasyon plizyè novo pòs ajans fontalyè kap gen pou fenn fèt nan fen ane-a yon fason pou amelyore deplasman avèk Ayiti.

Paulino Sem deklare ke genyen 3 nan pòs sa yo ki deja inogire e objektif la se arive genyen 10 pòs adisyonèl nan fen ane 2019 la. Lyetnan Jeneral la fè deklarasyon sa bay Lapwès anndan Palè Nasyonal la, apwè yon chita tande avèk Pwezidan Dominiken an, Danilo Medina.

“Nou pa senpleman fè pwogrè nan kontwole fontyè tèrès nou, men nou kontwole espas maritime ak aeryen tou. E sa se rezon ki fè konstwiksyon pòs ajans yo ranfòse”. Minis lan kontinye pou-l di ke travay kap fèt nan pòs Estero Hondo ak Vicente Noble te deja kòmanse, e tout sa pwal ajoute sou senk lòt pòs ki te bati depi 2017.

Lyetnan jeneral Rubén Paulino Sem (mitan) pandan yon toune nan Enriquillo, Barahona, ak minisipal Restauración nan.

Sekirite fontyè nou yo se misyon pwensipal Kò Lame dominikènn yo”, dapwè minis defans lan, ki te gen plizyè Kòmandè avèk li tankou, Majò Jeneral Estanislao Gonell Regalado; Vis Admiral Emilio Recio Segura pou Kò maritime nan; Majò Pilòt Jeneral Richard Vásquez pou Lame Anlè. Anplis Chèf Kò Sekirite Pwezidansyèl-la ki se Majò Jeneral Adam Cáceres.

Nan tout pòs ajans say o, ou jwen anndan yo pwès ke yon repwezantan pou chak minister ak yon pakèt antite piblik ki makònen avèk Ladwann, sekirite, dwòg, sante e ak siveyans kontwòl anviwònmantal, ak anpil lòt domènn.

kredi foto: Acento.com.do/Archivo

Leave A Reply