CEH deside fèmen pòt tout lekòl, inivèsite ak enstitisyon katolik yo pou 3 jou, yon fason pou reklame liberasyon relijyez ak relijye yo

594

04/20/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Conférence Episcopale d’Haïti (CEH) pa soti pou bese paviyon devan konpòtman kriminèl gwoup gang sangwen “400 Mawozo” ki genyen plis pase 10 jou depi yo te kidnape yon gwoup relijyèz ak relijye legliz katolik.

Nan yon nòt ke li fè sòti nan lapwès jodi madi 20 avwil 2021 an, Konferans Episkopal la di ke lap konstate avèk anpil doulè sitiyasyon frè ak sè yo ki anba men bandi yo e tande kri oken sektè nan vi nasyonal la kap reklame liberasyon otaj yo. Konsa, nan tèt kole avèk Conférence Haïtienne des Religieuses et Religieux (CHR), yo deside yon lòt fwa ankò fèmen pòt pou 3 jou tout lekòl katolik, kongreganis, pwesbiteral, inivèsite ak anpil lòt latriye enstitisyon.

Pandan 3 jou pwotestasyon sa a, tout egliz ap kalonnen klòch yo a midi e yap fè seyans priyè ak meditasyon yon fason pou yo kapab jwen liberasyon otaj yo. Sependan, anpil kritik panse plizyè seyans “Mès Nwa” kapab mete tout koupab yo nan wòl yo!

Comments are closed.