Orevwa Katedral Wà Henry Christophe!

0 398

Par Wisly Jean-Baptiste

Publiye: 14 Avwil 2020

Lontan nou te genyen dirijan. Sa vle di moun k’ap byen mennen peyi a. Otorite te gen vizyon, yo te renmen peyi yo; yo te konnen sa sa vle di sèvi pèp. Yo te genyen bèl rèv e yo te konn reflechi sou devlopman peyi a. Nou te gen bèl bagay yo kite pou nou jenerasyon jodi.

Anpil bagay-pou mwen pa di tout ti sa nou genyen- se te reyalizasyon zansèt nou yo. Uityèm mèvèy nan monn lan se la Milo li ye. E se travay zansèt. Ayewopò nou, wout, mache nou, legliz nou, (palè) nou… tout bèl moniman yo date pou pipiti 100 ans. Malgre pat’ genyen anpil lajan, teknoloji… tankou jounen jodi.

Se tris anpil lè nou ap gade jodi a youn nan patrimwàn nou kraze, brile… paske nou pap janm genyen yon lòt ankò. Zansèt yo bati, podyab nou pa menm ka repare alevwa pou pale de rebati. Sware 12 avril 2020 sa tris anpil. Katedral Milo a pran dife. Li brile. Nou pèdi li. Limanite pèdi yon byen.


M ta di si se te nan yon lòt peyi yon jou li t’ap rekonstwi. Jodi 13 avril 2020 an se t’ap diskisyon sou rekonstriksyon li : nan konbyen tan? Kot n’ap jwenn kòb? Ki enfrastrikti? Ki achitèk? Leve de fon? Konkou pou rekrite fim rekonstriksyon? Ki modèl rekinstriksyon? Etc.


Men lèm’ sonje se Ayiti ak seri de fòm moun ki di yo nan leta, se dèy katedral la sèlman nou ka fè. Nou (ka) p’ap janm wè katedral la ankò. Paske moun ki te konn dirije yo mouri; moun ki te gen vizyon yo mouri; moun ki te genyen rèv yo mouri, se zansèt nou yo ye. Mò pa gen pouvwa.


Antouka… nou regrèt katedral la anpil. Li te deja nan listwa, kounya se yon listwa pase. Na rakonte di nou te gen yon katredral ki te konstri nan lane 1807 a 1810 ki disparèt anba flanm dife nan lannuit 12 avril 2020.


N’ap mennen pitit nou vizite anplasman an si yo pa gentan dechouke tè a. Paske nou vin pa gen leta, nou vin pa genyen ISPAN, Nou pa genyen ministè touris men se kèk kay ak yon bann (moun) k’ap touche lajan, nou pa yon pèp k’ap panse demen. Nou sispann tout bagay. Mwen menm Se yon KRISTOFYEN paske mwen fèt nan wayom KRISTÒF. Mwen se yon Ayisyen paske mwen fèt Ayiti. Evenman sa touche m’ anpil.

A Dieu, Cathédrale du Roi Henry Christophe!

Leave A Reply