Arestasyon nan Nò: Lapolis arete 5 endividi sangwen nan komin Milo

09-03-2023
Milo, Ayiti ____( TRiboLAND) Nan kad ankèt lapolis ap mennen nan depatman Nò a, sou asasina Louis Elima Mathias alyas “Lemercier”, 68 lane ke bandi te touye ak bal byen bonè maten samdi 2 septanm 2023 a.
Patwouy SDPJ Nò ki te jwenn sipò patwouy BI/Okap Ayisyen mennen yon operasyon tranble janm nan zòn Dubré nan Milot. Pandan operasyon sila, lapolis arete Adelin Louinord, 32 lane (prezime otè zak la), Ulrick Félix alyas Ti Djo, 55 lane ak Ketlie Bien-Aimé, 46 lane.
Lapolis jwenn nan men Adelin Louinord : 1) yon pistolè 9mm, ak plizyè katouch diferan kalib tankou 19 katouch 9mm, 7 katouch 5.56 mm, 2 katouch 38 ak yon katouch M1. 2) yon kagoul, yon jimèl (longvi), ak yon pè menòt.
Enstitisyon polisyè a nan depatman Nò a, raple ke Adelin Louinord ak Félix Ulrick ta nan tèt yon gwoup malfektè kap fonksyone nan zòn Lambè. Bandi sa yo espesyalize nan fè zak sasinay, dechoukaj tè, kanbriyolaj, e latriye.
Lapolis di l ap kontinye chèche 4 lòt sispèk ki ta enplike nan lanmò Louis Elima Mathias (Lemercier) a. Sispék sangwen sa yo pou kounye nan gadavi komisarya Milo ap reflechi.






