Ansyen majistra komin Tigwav la Marc Roland Justal mande gouvènmen ayisyen ak ameriken pou yo atikile pi byen ki sa ki pwogram imanitè a.

521

01-19-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ak laprès jounen jedi 19 janvye 2023 a, ansyen majistra prensipal komin Tigwav la, Marc Roland Justal mande gouvènmen ayisyen ak ameriken atikile pi byen ki sa ki pwogram imanitè a. pou ansyen Majistra a, se yon pwogram ki kreye pou pèp nan 4 peyi pou facilite yo antrel travay pou 2 zan nan peyi Etazini Damerik pami yo Ayiti.

Justal deklare, li genyen gwo dout pou reyisit pwogram nan akòz pa genyen ase esplikasyon ki bay ak popilasyon an; li fè konnen se yon bouyi vide ki pral fè pèp la vini plis vilnerad epi lage gwo divizyon ant fanmi kap viv an Ayiti ak Etazini.

Mesye Justal ki di, li konstate genyen yon latriye sitwayen, ki vann kabrit, bèf, kochon e ki menm kraze kanè bank yo, yon fason pou yo al fè paspò sou pretèks pou kouri kite peyi a.

Ansyen # 1 komin Tigrav la fè konnen, li rekonèt sitiyasyon peyi a difisil anpil, pa genyen moun ki pa tap renmen kouri kite’l akòz kondisyon yap viv la ekzekrab. Se vre, twòp problèm nan la repiblik; li pran ekzanp : lavi chè, grangou, chomaj, ensekirite, tout kalite, kidnapping, vòl, vyòl, blackout, fatra mete sou sa pwoblèm politik kap malmennen nasyon an.

Toutfwa, ansyen majistra prensipal komin Tigwav la, pa manke mo pou kritike reprezantan gouvènmen ayisyen defakto a, nan zafè imigrasyon li di ki depase pa evènman akòz yo pa kapab mete lòd nan kantite moun kap vin fè demand paspò yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.