Nòdwès: Malgre latwoublay peyi-a, 2 èm jounen dewoulman egzamen ofisyèl 9e AF yo pase san okenn tèt fè mal

0 400

3 èm jounen manif ki te prevwa atravè peyi a nan objektif pou rive deboulonnen Prezidan repiblik la, Msye Jovenel Moise sou pouvwa-a, pa rive anpeche bonjan dewoulman egzamen ofisyèl 9 em AF yo nan Depatman Nòdwès la, soti Lendi 24 pou rive jounen Madi 25 Jwen 2019 sa-a menm lè te gen anpil kout zàm ak kawoutchou ki tap boule nan lannuit Dimanch 23 Jwen 2019 la, nan vil Pòdepè, Pou demontre koupe fache yo ak Msye Jovenel Moise yo di ki pa regle anyen nan peyi-a sitou pèp Nòdwès sa-a ki vote-l masivman pou yon chanjman total kapital, alòske li pase yon ventènn lane nan Nodwès nan mennen aktivite-l.

Egzamen 9 èm AF sa-a,  ki sou 2 èm jounen li, ap dire 3 jou; soti Lendi 24 Jwen pou Mèkredi 26 Jwen 2019. Pandan pasaj TRIBOLAND nan plizyè sant egzamen anndan tankou deyò vil la, kandida yo di yo santi yo alèz malgre kriz yo di k ap sakaje labil peyi a. Pandan 2 jounen  egzamen sa yo, majorite plizyè ki deja konpoze nan kominikasyon Fransèz, Syans Fizik, Kreyól, Syans Sosyal ak Anglè, pat kache satisfaksyon yo nan fason Ministè a te chwazi egzamen yo, yon egzamen ki sanse alapòte yo pandan yo plenyen anpil pou chalè a ki vrèman tèrib.

Si Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fómasyon Pwofesyonèl te gen ala dispozisyon chak Sant Egzamen dlo pou kandida yo sa  tap yon bon jès ki tap pèmèt etidyan yo rale yon souf; kidonk, se deklarasyon plizyè kandida nan mikwo TRIBOLAND, atravè divès Seksyon Kominal Depatman Nódwès la. 

Bò kote pa-l, Direktè Depatman Edikasyon Nódwès la, Pwofesè Weblaire Amiel Dufresne, fè konnen gen apepwè 14037 kandida ki reponn prezan nan Sant Egzamen yo atravè 11 kominn Depatman Nódwès la. Direktè Amiel ajoute pou-l di, tout ekip Direksyon Depatmantal Nòdwès la te soudepye militè yo depi Vandredi 20 Jwen 20l9 nan kad preparatif ak mizanplas, yon mannyè pou pat gen okenn flay nan dewoulman Egzamen Ofisyèl 9e AF yo ane sa-a.


Pwofesè-a kontinye pou-l di, malgre poban kriz li di kap sakaje labil peyi Dayiti, kote anpil noun te kapab remake sou vizaj divès grenn candida ki arive brave danje pou vinn patisipe nan egzamen ofisyèl yo ane sa-a.

Wiskis Saint Jean, TRiboLAND

Leave A Reply