Yon responsab Canez Konstriksyon jwen arestasyon li pou move afichaj pri

319

10\13\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Ba Delma te sekwe jodi madi 13 oktòb 2020 an akòz prezans minis komès la, Jonas Coffy ki tap boste belijeran ki pa vle danse kole ak desizyon gouvènman pou pèmèt otorite yo evalye konsekans kout zèl dola app ran anba goud la sou lavi ekonomik peyi a.

Pandan visit enspeksyon minis Coffy a nan Antrepriz Konstriksyon Canez, yon responsab jwen arestasyon’l akoz machandiz yo ki pat libele an goud Lescot.

Ankò, yon vizit ki te soulve anpil gwo tansyon nan rejyon Ba Delma a; pou kèk temwen, moun te kapab tande kèk kout zam ki tap chante. Alòske minis Coffy kalifye deblosaj sa yo kòm yon tantativ asasina ki gen pou wè avèk responsab antrepriz yo ki tap kontakte baz gang ki pou te atake lavi li.

Comments are closed.