Direktè lekòl nasyonal miks de Grang Gwav la, Baptichon Nesly deklare ministè edikasyon nasyonal pako bay oken materyèl nesesè pou rewouvèti lekòl la.

824

09-02-2023

Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè lekòl nasyonal miks Gran Gwav la, Baptichon Nesly nan yon entèvyou ak laprès vandredi pwemye septanm 2023 a, deklare jouk nan moman nap pale la a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pako bay direksyon lap dirije a, oken mwayen materyèl pou l akonpaye paran elèv yo pou rewouvèti lekòl la pou ane akademik 2023-2024 la.

Direktè Baptichon ki esplike non selman leta pa bay mwayen pou rewouvèti lekòl la, men tou paran yo pako prè ekonomikman; mete sou sa, paran ki nan Kafoufèy, Kwadèboukè, Pènye, Tòsèl, Taba, Lyankou, Tirivyè Latibonit, Kanaran, Bèlè, Matisan, ak Fontamara kap kouri kite kay yo ak timoun sou bra yo, 2 men balan.

Degèpisman sa yo trè souvan toujou fèt apwè tèrè mete dife ak egzekisyon somè. Aloske minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat ap bat lestomak li kòm kwa lap louvri lekòl la nan yon klima ensekirite jeneralize sa a, ki pral pi katastwòf ke ane ki sot pase la a avèk lekòl tipa-tipa.

Toutfwa, dikrektè Baptichon kwè fòk leta ta sibvansyone paran elèv yo, yon fason pou fasilite timoun yo rantre lekòl paske daprè li, majorite paran pa kapab achte menm kaye pou timoun yo ale lekòl, alevwa pou valiz, liv, soulye ak inifòm elatriye.


Comments are closed.