Minis Edikasyon Nesmy Manigat vizite depatman Nip

1,969

12/05/2021

Miragwònn______(TRiboLAND) Nan sousi pou li remanbwe sistèm edikasyon an ki ap pran sakad, minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat vizite depatman Nip la e bwàse lapawoli ak diferan otorite konsène nan kàd pou bay jarèt ak sèktè edikasyon piblik la.

Konsa, minis Manigat te genyen bonjan bwàse lide ak diferan antite nan direksyon depatmantal edikasyon an, pèsonèl sektè edikasyon piblik la, delegasyon depatmantal Nip la, san konte ajan enterimè yo. Echanj yo te chita plis sou kondisyon travay ansenyan yo, salè dig dantan ke yo dwe pwofesè yo ak nominasyon sila yo ke enstitisyon an ap woule nan farin depi plizyè ane.

Antouka, yon parèy antre nan kàd yon latriye dispozitif ki pwàl fasilite rebwasaj danble aktivite aprantisaj yo nan depatman Nip lan ki te reyèlman pwan anpil pataswèl anba gwoudou gwoudou mwà dawou pase a.

Comments are closed.