DCPJ fouke ansyen depite Profane Victor e pèkizisyone rezidans li ak yon operasyon tranble janm

287
0
Share:
TRiboLAND

01 – 12 – 2025

Petyonvil, Ayiti______(TRiboLAND) Li genyen yon bon bout tan depi ke li te figire sou lis pèsonalite ayisyen ki tonbe anba sanksyon peyi Kanada ak Etazini kòm delankan kriminèl ki nan gro trafik zam e kap finanse gang sangwen anndan peyi Dayiti, ansyen depite Ti Rivyè Latibonit lan, Profane Victor jwen arestasyon li jodi dimanch 12 janvye 2025 lan nan komin Petyonvil, si nou ta vle kwè komisè divisyonè Michel-Ange Louis Jeune, pòtpawòl DCPJ a.

Enfòmasyon yo fè konnen, rezidans dealer zam nan ki nan Vivy Mitchell te anba gro pèkizisyon aprè ke ajan DCPJ yo te fouke li. Otorite yo pa presize motif arestasyon ansyen depite a ke yo te akize kòm Papa gang kap finanse gang ame e enplike nan yon katafal zak vyolans ki mete peyi a Dayiti ajenou.

Nap raple, arestasyon yon parèy gro potanta Boukliye, afiche volonte fòs sekirite yo pou mete anba kòd tout gro pèsonalite kriminèl reselè ki kontribye nan efondreman peyi Dayiti. Konsa, anpil sitwayen swete wè menm aksyon an pou anpil lòt depite, senatè, minis, premye-minis, direktè jeneral, majistra ak prezidan koupab ki piye ak efondre peyi a ak zak vyolans.

Share:

Leave a reply