Batay nan ponp gaz yo pa sispann bay payèt

2,069

11/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Jan Ministè Komès ak Endistri te anonse li, ponp esans yo tap kòmanse resevwà distribisyon gaz la samdi 13 novanm 2021 an e yon katafal ponp pat pran tan pou bay sèvis jodi dimanch 14 novanm nan. Efò ak detèminasyon ponpis yo te remakab; sepandan sa pa anpeche blokis ak anbouteyàj ak galon jònn e liyn machin te fè kenken nan tout bout kwen atravè kapital la.

Sitiyasyon lò nwà a toujou rete yon veritab kastèt chinwà. Yon kamyon esans ki te genyen avè l plizyè ajan UDMO te pran direksyon vil Hench, kote ke yo fè wout kwochi pou ale vannn gaz la nan rakèt.

Answit, plizyè zònn nan kapital la te anba blokis akòz machinn ki tap eseye apwiye, men ki pat kapab mòde akoz anbouteyàj ak latriye moun ak galon jònn. Kidonk, batay pou ratman gaz la toujou kontinye ap bay payèt!

Lap pran anpil tan pou move seren an pase, konsa lap fini pa antre nan nòmal li akoz demann lan ki te deja disèt wotè.

kredi foto : Ralph Tedy EROL

Comments are closed.