Plizyè paran nan depatman Nòdès la ap fè gwo fas kare malmakak ekonomik devan rewouvèti lekòl

876

09-02-2023

Wanament, Ayiti ____ (TRiboLAND) Apeprè 2 semèn anvan rewouvèti lekòl la pou ane akademik 2023-2024 la; swa 11 septanm kap vini la, divès paran gen gwo malmakak ekonomik pou pweparasyon antre lekòl la.

Divès paran ak elèv yo ap fè fas avèk gwo difikilte ekonomik ou fenomèn ensekirite jeneralize, yon sitiyasyon ki vrèman dejenere. Jean-Pierre Elvariste papa 2 timoun fè konnen: twal chè, inifòm tèt nèg, chosèt menm se pa pale. Mesye Jean Pierre ki mande mouche Leta pou pran tikal konsyans.

Rewouvèti klas yo enposib daprè mesye Jean Robert, li prezante ensekirite a kòm obstak prensipal la. “Nou pa jwenn lajan poun voye timoun yo lekol ale wè poun ta jwenn kòb poun ba yo manje pou yo ale lekòl, deklarasyon Mesye Jean-Pierre Elvariste.

Nap raple pou anpil moun, rewouvèti lekòl la fòmèlman enposib; kondisyon yo pa reyini pou lanse nouvo ane akademik 2023-2024 la.



Comments are closed.