Yon jounalis ayisyen voye jete tout rimè ki ta fè kwè Carlos Geffrad ajan UDMO yo touye nan Demelis la, se te yon bandi.

854

09-01-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon jounalis John Aristide fè sou kont Facebook li, yè vandredi 31 dawou 2023 a, li voye jete tout akizasyon ajan PNH yo ta lage dèyè jèn gason sa a, yo touye anba gwo kout zam ki pote non Carlos Geffrad, kòm kwa li ta yon bandi.

Jounalis la, John Aristide nan pòs li a, fè konnen ak lapolis lanmò jèn gason sa a pa jis, li pa nòmal paske Carlos Geffrad pat yon gang.

John Aristide, avanse pou li di, Carlos Geffrad te apèn sòti Sen-Domeng, li vin fè pyès nan vil Pòdpè pou li kapab sikile legalman nan peyi vwazen, ajan UDMO yo asasinen li pou tèt li ta gen cheve trese.

Jounalis la nan sans sa a, raple ajan UDMO yo ke,yo paka jij epi pati anmenm tan, paske misyon yo, se arete moun epi kondwi yo bay lajistis.



Comments are closed.