Ekip Meri Senlwidinò a, akonpanye Konpayi Adrien ap kontinye travay pou debleye komin nan.

758


05 – 08 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Lameri nan tèt kole ak Konpayi Adrien dekrete lapèmanans nan sa ki gen pou wè ak travay pou debleye komin Senlwidinò apwè entanperi ki te ravaje komin nan.

Se tout sitwayen onèt yo ki deside bay patisipasyon pa yo nan mezi yo kapab pou libere vil la anba labou ak tout kalite salibrite. Majistra Gaston Estima mande kolaborasyon tout moun nan komin nan pou lari a kapab retounen jan l te ye avan.

Nap siyale w tout chofè machin yo mete tèt ansanm pou ede lameri jwenn yon ti mwayen pou achte kabiran pou rann wout yo pi aksesib pou yo kapab travay pi byen ke avan.

Popilasyon an di yo satisfè ak kalite travay sa yo; paske lapli a te mete komin nan nan yon eta deplorab. Batay pou chanje vizaj komin nan se pi bon mwayen pou popilasyon respire yon bon lè.

Comments are closed.