Bawo Pòdpè onore 3 pi ansyen avoka ki fè pati Òd Bawo a

1,101

09-01-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Jodi vandredi premye septanm 2023 a, Bawo Pòdpè a ki gen nan tèt li Me Edler Louima onore Me Fresnel Jean alyas Djoudjou, Me Ronel Gélin ak Me Luckner Pierre alyas Ti Mèt. Chak avoka sa yo resevwa yon plak donè pou ansyènte yo kòm avoka nan Bawo a site Kapwa Lamò a.

Se yon gwo kòkennchenn sòlòkòtò jidisyè ki dewoule an prezans Dwayen TPI a, Me Desravines, Komisè Applys Félix akonpaye SCG Alangue Valbrun ak Jeir Pierre.

Sou demand Batonye a, Me Desravines remèt Me Luckner plak li, Me Franklin remèt Me Fresnel plak li a; epi Komisè a, akonpaye ak Sibtiti yo, finalman remèt Me Ronel Gélin aktyèl Jij nan Kou Dapèl Gonayiv la plak li.

3 pi ansyen avoka yo, youn aprè lòt te pran lapawòl pou manifeste santiman satisfaksyon yo pou dimansyon ak sinifikasyon yon parèy onè bò kote Bawo Pòdpè a, ki se yon pwivilèj. Divès temwanyaj fè nan okazyon sa, pou relate divès bagay yo fè nan aparèy jistis la ou nan depatman an.

Se gras ak Me Luckner lekòl Dwa te ateri Pòdpè, nan odyans yo nan epòk Me Ronel te Dwayen tribinal la, te toujou egzije avoka stajyè yo pale nan odyans yo; kanta pou Me Djoudjou, se youn nan avoka ki trè pètinant nan kad egzèse pwofesyon Avoka.

Aktivite sila te reyini plizyè avoka ak otorite ki nan jistis Pòdpè a; Batonye ki la pou 2024 la, pa kache satisfaksyon li anvè 3 ansyen yo pandan li pwomèt sou Administrasyon li a, lap toujou onore tout valè yo.

Comments are closed.