Anplwaye nan Pak Endistriyèl Karakòl yo ap resevwa move trètman anba men responsab yo

883

08-28-2023

Karakòl, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans plizyè anplwaye Pak Endistriyèl Karakòl yo bay jounen lendi 28 dawout a, denonse move tretman yap resevwa anba responsab nan pak la ak enstitisyon Leta yo.

Madam Dieulène Senatus, yonn pami anplwaye viktim yo, denonse move trètman yap sibi nan konpayi sou tretans yo (Pak Endistriyèl Karakòl la). Madam nan kap travay nan modil 6 nan Pak Endistriyèl Karakòl la, denonse ak tout fòs li konpòtman iresponsab responsab yo aprè plizyè mwa li te sibi yon aksidan travay kote li pèdi yon pitit 3 mwa li tap pote.

Aprè anviwon 5 mwa, konpayi S&H GLOBAL S.A pa janm di li ki mò ki te touye lanperè. Yo pa janm ba li yon goud Lesko aprè tout depans li tef è yo.

Li mande S&H GLOBAL S.A ak OFATMA pou dedomaje l, pandan l remèsye Leta peyi a, li di ki pa respekte dwa travayè yo.

Comments are closed.