Kòdonatè RDNP a nan Nòdès Waldeck Marcelin mande jistis pou Eric Jean Baptiste

809

08-10-2023

Wanament, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan kad yon entèvyou repòtè TRiboLAND nan Wanament reyalize jounen 9 dawout 2023 a, avèk kòdonatè RDNP a, Waldek Marcelin fè konnen li ap rete tann lajistis fè limyè sou lanmò ansyen antreprenè Eric Jean Baptiste.

Mèt Waldek Marcelin deklare ke Mesye Eric Jean Baptiste se te moun tout moun, yon moun ki tap sèvi peyi l. Li fè konnen jiska prezan lajistis poko janm pwononse l sou lanmò antreprenè a. Se avèk yon kè sere, dlo nan je ak men nan machwè pou wap tande mèt la kap mande jistis pou Eric Jean Baptiste.

Marcelin fè konnen, ansyen antreprenè a te toujou ap di “Mèt mwen, pran desten nou an men “
“Yon jou lap jou pou nou tout, koute wa tande”, pawòl Waldeck Marcelin.

Nap raple Eric Jean Baptiste ki sete sekretè jeneral RDNP (Rasanbleman Demokrat Nasyonal Pwogresis) te asasinen pandan sware 28 pou rive 29 oktòb 2022 a.

Comments are closed.