Croix des Bouquets: Gang 400 mawozo kontinye ap dikte lwa yo!

1,791

08/28/2021

Croix des Bouquets______(TRiboLAND) Gang “400 Mawozo” kap dirije pa “Lanmò 100 jou” kontinye ap gouvènen nan enstitisyon mechanste, krim ak kidnaping pandan ke yo ajoute nan lis viktim yo Antreprenè Rey Gill.

Nan zòn Croix-des-Bouquets, kote prèske chak jou, ka kidnaping ap rapòte nan medya yo, Rey Gill, responsab boutik pou konpayi Shaisha deja peye pri neglijans, dirijan ki nan lapolis la fas a lwa ke Bandi sa yo ap enpoze depi yon bon bout tan.

Kèk zòn tankou Nan Rémy, Duval, Orangers, Petit-Bois, Noailles ak Beudet, lanmò San jou ak akolit li pran yo Kòm pwopriyete prive yo. Se yo ki chwazi moun ki dwe viv ak sa ki dwe mouri. Yon jou pa janm pase pou pa gen ka kidnapping ki revele nan medya yo.

Nap raple ke nan mwa desanm 2020, Léon Charles ki se numewo 1 PNH la te deklare ke gang ki fè pati rezo 400 mawozo yo pa egziste ankò.

Nan moman sa yo, moun ki nan zòn Croix des Bouquets pa wozabwa, yo pa konnen ki sen pou yo ta rele pou pèmèt yo rale yon souf anba m’en rezo Gang sa a kap simen dèy nan popilasyon an.

John Jean Jacques

Comments are closed.