MPAD : yon nouvo òganizasyon ki pran nesans nan komin Senlwidinò.

769

08-25-2023

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Mouvman Patriyotik Ayisyen pou Devlopman (MPAD), se non yon nouvo estrikti òganizasyonèl ki prezante tèt li nan komin Sen Lwidinò, jounen vandredi 25 out 2023 a.

Selon youn nan manm poto mitan estrikti MPAD la, òganizasyon an genyen yon karakteristik sosyo-politik ki gen vokasyon imanitè ki te pran nesans nan peyi Dayiti ak nan dyaspora a nan dat 4 out 2023 pase. Li fonde ak yon gwoup konpatriyòt konsekan, ki soti nan diferan rejyon nan peyi Dayiti, avèk entasyon pou pote kontribisyon nan kèk domèn selon mwayen ekonomik yo.

MPAD pa gen pretansyon pou ranplase leta, men pito kore sila yo ki nan plis bezwen. Sa vle di, sila yo ki plis vilnerab nan tout kwen nan peyi lakay, yon fason pou yo ka asire yon demen miyò.

Comments are closed.