Gouvènman Kiben an rapatriye plizyè patriyòt yo ki tap viv nan peyi Dayiti

797

04 – 22 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Gouvènman peyi Kiba voye chèche anviwon 248 sitwayen Kiben ki te bloke nan peyi Dayiti, kiben sa yo vwayeje nan yon vòl espesyal ki òganize nan ayewopò Okap la jounen lendi 22 avril 2024 la.

Gouvènman kiben an aji nan menm sans ak plizyè gouvènman lòt peyi ki te deja vin chèche resòtisan yo nan peyi Dayiti fas ak ogmantasyon vyolans gang yo nan peyia depi plizyè lane.

Divès nan kiben sa yo tap travay nan plizyè domèn nan peyia, men anpil nan yo se nan domèn sante. Pou te fasilite sitwayen Kiben sa yo rive Okap, gouvènman te mete bis disponib pou asire transpò yo jiska dezyèm vil peyia.

Plizyè pami Kiben sa yo kontan kite peyi Dayiti, men yo swete kriz la rezoud yon fason pou yo kapab retounen vin travay paske yo renmen Ayiti.

Comments are closed.