Youri Latortue ekspwime yon sans satisfaksyon nan rankont ak misyon OEA a

471

06/08/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Kowòdonatè jeneral pati politik Ayiti An Avan (AAA) an, ansyen senatè Youri Latortue estime se te yon rankont pwodiktiv avèk misyon OEA a jodi madi 8 jwen 2021 an.

Ansyen senatè a ki se yon veritab advèsè fawouch PHTK pou ankèt gagotaj Fon Petwo Karibe a, ekspwime nan chita pale ak misyon OEA a, yon sans satisfaksyon ansanm avèk kòlèg li yo nan DIRPOD: Sorel Jacinthe ak Rosemond Pradel ki pat manke plede pou yon solusyon nan kriz la kap bwase bil peyi a.

A pa de lis pwizonye politik ke yo remèt repwezantan OEA yo; pwemye etap deplwòtonay kriz la gen pou wè dabò avèk depa Jovenel Moise sou pouvwa a, dapwè yon tweet senatè Latibonit lan lage deyò.

Nap raple, malgre te genyen anpil bouch lonje ak yon seri pati ak gwoupman politik ki te dekline envitasyon OEA a; sepandan, sa yo ki te fè ak pwezans nan yon parèy rankont, te vle eksplwàte opòtunite sa pou raple OEA ke manda Jovenel Moise pran fen depi 7 fevriye 2021; pa genyen oken fason pou genyen chita pale ak yon lidè ilegal ki deja byen lwen nan efondreman sosyete a ak vyolasyon sistematik Manman Lwà peyi a chak lè lide l di l!

Comments are closed.