Fonmèl An Aksyon (FAA) tanmen konstriksyon legliz katolik Fonmèl la.

1,325

Konstriksyon legliz katolik Lokalite Fonmèl, 2e seksyon Sous Bovwa, komin Chansòlm ap pike pou pi douvan.

11-19-2022
Chansòlm, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè yon latriye demach kominotè bò kote ansyen kire pawas Chansòlm lan, yon chapèl ta pral louvri pòt li, kote dyaspora yo ta pral konstwi yon gwo wanga pou selebre Sen patwon yo kise Sen Bernard.

Konsa, aprè anviwon 4 lane Fonmèl ta pral vin devni yon Sant Dakèy kap resevwa chak lane plizyè milye pèleren, ki donk chak 20 dawou.

Pwofite kapital Imen sa a, Estrikti sosyal Fonmèl An Aksyon te deside achte yon teren; san tèt grate tanmen nan tèt kole ak otorite legliz la, konstriksyon legliz katolik Fonmèl la, kap pran anviwon 700 plas.
Dyaspora yo nan sans sa a, di yo pap dòmi; yo deside fè Leve Fon yo chak mwa nan lide pou dote Fonmèl yon yon gro legliz katolik modèn.


Comments are closed.