Ansyen pwezidan KEP peyi Dayiti a, jwenn liberasyon li aprè plizyè semèn sekestasyon

1,026

08-26-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Apwè plizyè semèn sekestasyon, ansyen pwezidan Konsèy Elektoral Pwovizwà (KEP), Pierre Louis Opont jwen liberasyon li jounen vandredi 25 dawout 2023 a, selon yon sous familyàl.

Ko-pwopwiyetè Tele Pliryèl la, ki te kidnape 20 jwen 2023 pase a, nan Taba, te objè pwopwiyete byen pwive bandi sangwen gang “Kraze Baryè” yo, ki nan yon pwemye tan, te kidnape egalman madanm Pierre Louis Opont, jounalis Marie Lucie Bonhomme.

Enfòmasyon yo fè konnen, se pa yon liberasyon menms, malgre fanmiy viktim nan te onore egzijans ranson sangwen Innocent Vitelhomme ap dirije yo pandan plizyè fwa; malgre mach pasifik ki tap reklame liberasyon mesye Pierre Louis, se te and marinad!

Antouka finalman, ansyen pwezidan KEP la, Pierre Louis Opont, jwenn liberasyon li apwè 2 mwa e 5 jou sekestasyon nan yon peyi kote dirijan ak gang sangwen fè yon sèl pou teworize ou disparèt tout yon nasyon.

Nap raple, kantite zam ak minisyon gwoup gang yo ap itilize anndan peyi Dayiti yo, sòti anndan peyi Etazini, ki fè tèt li pase kòm zanmi peyi Dayiti!

Enel Richard

Comments are closed.