Group gang sangwen “Kraze Baryè” asasine e bwile plis pas yon douzèn sitwayen pezib nan Petyonvil

1,342

03-20-2023

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Tankou jan sa ap koutinye fèt chak jou Bon Dye mete, fòs fè nwa yo pa sispann teworize popilasyon ayisyèn nan , patikilyèman atravè kapital la. Pandan group gang antre lakay rezidans yo yè dimanch lan nan diferan lokalite, patikilyèman nan Laboule 14, kote ke yo anvayi lakay rezidan yo, sakaje piye, mete dife, vòlè, piyaj, vyole, ensandye, e touye san oken kontrent.

Byen bone jodi lendi 20 mas 2023 a, rezidans sou Wout Frè, touprè Akademi Polis Nasyonal te anba anpil terè. Se te yon veritab kanaj! Bandi ou malfrachyen mete dife nan plizyè rezidans prive atravè komin Petyonvil la. Zak sangwen yo te paralize divès zònn, soti bò Djoumbala rive bò Akademi Polis Nasyonal la.

Masak gang yo te dure yon bon bout tan, e li te jwenn benediksyon absans fòs lòd yo, nan yon pwen kote manm group gang sangwen “Kraze Baryè” ki genyen nan tèt li Vitelhomme Innocent ki tap touye e mete dife sou yon latriye inosan sou wout Frè a, nan Peyonvil.

Selon enfo yo, plis pase yon douzèn moun ta asasine e bwile nan lokalite Kago ak Tunèl. Li enpòtan pou sinyale, depèch detrès popilasyon an pat rive nan zòrèy swadizan dirijan lòbèy ki alye Vitelhomme.

“Si pa genyen yon konplo nasyonal atravè repiblik la ki pran pou elimine chèf gang Vitelhomme nan nenpòt ki fason, nan 3 mwa kap vini la, pap genyen moun ki rete nan Pòtopwens”, daprè Widzor, youn nan rezidan Kago yo ki tap eseye pran lafwuit nan moman masak gang yo ki menm mete dife sou yon seri malere ki te nan yon kamyonèt.

Soti vandredi 17 pou rive jodi lendi 20 mas 2023 a, genyen plis pase yon ventènn moun ki asasine nan komin Petyonvil.

Comments are closed.