Ansyen kandida pou pòs senatoryàl nan depatman Nòdès la satisfè ak rezilta fèt Patwonal Meyak la

2,318

06-05-2022

Meyak, Ayiti____(TRiboLAND) Ansyen kandida pou pòs senatè nan depatman Nòdès la, Mèt Duchène PETIT-FRÈRE ki tap patisipe nan fèt Patwonal Meyak la, drese bò kote pal yon bilan pozitif de yon parèy evennman.

Ansyen candida a fè eta de kontribisyon li te pote nan yon parèy festivite. Li soulinye lanpadè ke li te enstale nan okazyon an, li remèt legliz la yon jeneratris san konte yon seri kontribisyon li akòde pou aktivite aktivite kiltirèl yo.

Sepandan, Mèt Petit-Frère mete aksan sou sitiyasyon difisil peyi a ap travèse nan denyè moman sila yo; kote lamizè, ensekirite, chomaj ap fini ak popilasyon ayisyèn nan. Konsa, li plede anfavè reyalizasyon eleksyon nan peyia san pèdi tan!

Jn simon Manex, Triboland

Comments are closed.