RD: Fenomènn touris kap mouri nan kondisyon ki dwòl kraze rezèvasyon touris yo a 75%

0 590

USA__(TRiboLAND) Sèktè touris-la nan Repiblik Dominikènn ap pwan anpil pata swèl fas ak fenomènn touris kap mouri nan kondisyon ki parèt bizar depi kèk tan-la nan otèl yo. Khalid Adkins 46 lane ki soti Denver, se 12 èm touris Ameriken ki jwen lanmò li lòske ren li te sispann travay osito yo te retire-l nan yon avyon.

Khalid Adkins mouri a koz pwoblèm ren osito li te tonbe malad an Repiblik Dominikènn

Konsa, san konte plizyè lòt ka kote ke plizyè touris tonbe malad bwiskeman anba toudisman, dezidratasyon ak vwomisman e ki souvan vinn abouti ak yon etap mòtèl. Ezanp yon jènn Ajantinyènn, Candela Saccone 15, te twouve malad grav pandan li te an visit Punta Cana 19 Jwen pase-a.

Kidonk, dènyè rapò ForwardKeys, ki analize plis pase 17 milyons rezèvasyon touristic chak jou, konfime kantite vakansye ki te fè rezèvasyon ant 1 Jwen jiska 19 Jwen for voyaj Jiyè ak Daou tonbe ou redwi a 74.3%.

Dapwè Vis-Pwezidan ForwardKeys, Olivier Ponti ki tap voye mesaj kondòleyans bay plizyè famiy victim tourist Ameriken yo ki pèdi lavi yo dwòlman nan lwazi. E li te kontinye pou-l di, lanmò trajik sa yo lage yon imaj sal sou peyi Repiblik Dominikènn ki konplètman depann sou visitè etranje.

credit photo: excellenceresorts.com

Leave A Reply