Lapopo mete dòmi nan je 2 koure sal nan Petyonvil

827

08-18-2023

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) 2 sangwen ki tap ransone plizyè rezidan nan Petyonvil, patikilyèman nan lokalite Peguy-Vil, jwen lanmò yo jodi vandredi 18 dawou 2023 a, nan moman yo tap fè boukantaj kout zam ak lapolis.

Selon fòs lòd yo, yo te tonbe bap pou bap ak koure yo ki te abò yon ti otobis, e ki te sou wout pou te mete zam anba kou malerèz e malere ki tap pase.

Konsa, nan yon parèy sòlòkòtò, fòs lòd yo arive konfiske 2 zam.

Comments are closed.