Òganizasyon Lespwa Fanm Ayisyèn, klotire 2 jounen fòmasyon yo òganize sou divès pwodwi chimik pou manm li yo.

902

08-18-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Òganizasyon lespwa fanm ayisyèn nan komin Tigwav, klotire 2 jounen fòmasyon yo òganize sou divès pwodwii chimik pou manm li yo, soti jedi 17 pou rive vandredi 18 dawou 2023 a.

Selon kòdonatriis Lespwa Fanm Ayisyèn nan, madam Kerlie Henry, objektif fòmasyon an, se pou pèmèt fanm yo genyen yon metye nan men yo pou pèmèt lajan pa pase lwen yo, yon fason pou yo pa pran imilyasyon anba men ak bouch gason.

Likid vèsèl, savon likid pou rad, mistolin, shampoo, asetòn, vinèg, pafen, se kèk pwodwi medam yo aprann fè nan 2 jou, dapwè responsab òganizasyon lespwa fanm ayisyèn nan madam Kerlie Henry.

Toutfwa, alatèt lespwa fanm ayisyèn nan madam Kerlie Henry fè konnen, yo genyen pèspektiv pou yo aprann manm lespwa yo plizyè lòt metye, sepandan yap chache mwayen ak debouche.

Comments are closed.