Jij Essaie Pierre Louis rann yon òdonans pou anile manda kont chèf gang vitelhomme.

1,807

Par Louis Jameson

31/12/2021

Port-au-prince_____(TRiboLAND) Essaie Pierre Louis se non jij ki anile manda “mennen vini” ke Konsèy Siperyè Polis Jidisyè (CSPJ) a te lage kont chèf gang tou pwisan kap simen laterè nan zòn Tòsèl depi kèk tan.

Aloske Kou Siperyè Polis Jidisyè te akize Vitelhomme Innocent kòm vòlè veyikil, asasina, tantativ dasasina, malfektè e kidnapè.

Men, sa pat anpeche, 20 desanm 2021 ki sot pase la, jij la ak tout grefyè li, Marie Sheila Pauyo te pran desizyon pou anile avi “mennen vini” an kont gwo chèf gang sa kap opere nan baz “Kraze Baryè”, alye baz 400 Mawozo nan komin Kwadèboukè.

Nap raple’w, manm ki fè pati CSPJ a choke pou yon parèy desizyon e tou pwofite ouvwi yon ankèt sou jij Pierre Louis nan lide pou wè si òdonans sa te byen rann anfavè gang Vitelhomme.

Comments are closed.