Yon delegasyon peyi Kenya ap antre anndan peyi Dayiti, pou evalye sitiyasyon ensekirite a.

828

08-17-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Apwè ke Antonio Gutteres fin remèt yè madi 15 dawout 2023 a, yon dokiman byen chapante bay Konsèy Sekirite a, yon delegasyon kap soti nan peyi Kenya, konte antre anndan peyi Dayiti pou evalye siyasyon sekiritè tèritwa Jan Jak Desalenn nan.

Ekip Kenya a, ap antre apati 19 pou rive 23 dawout 2023, dapwè sa yon sous otoritè ayisyèn ta fè konnen.

Nap raple, Kenya, se pwemye peyi ki asèpte pran tèt yon fòs milti-nasyonal, sou pwetèks ki pral mete boy nan pwa gang sangwen yo.

Comments are closed.