Rèl pete! Magogo lajan ke pwojè “Bank Pa Nou” tap jere nan vil Pòdpè fè wout kwochi.

1,204

08-17-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Anviwon 121 moun ki te mete ansanm, yon valè 10 000goud chak, pou mete sou pye yon pwojè ki te konnen sou non “Bank Pa Nou”, pwojè bank sila ta sanble tap jere anba lobedyans Daniel Loriston ki te nan Direksyon Konsèy la.

Divès nan moun sa yo ap plenyen jounen jodia pou lajan yo ki ta sanble fè wout krochi. Daprè regilasyon direksyon an, chak ane ted we genyen asanble; sepandan, dapwè plizyè manb patisipan yo, pandan 3 lane sa se yon sèl asanble ki te arive entwodwi yon rapò kòdjòm ki bay; dezyèm asanble a fèt nan pwezante “resi”, e pi sou twazyèm lan se tande manb yo tande lajan an baleye e fè wout dekoupe.

Daprè manb yo toujou, se nan dènye asanble malatchong Prezidan Konsèy la, aprann yo 2 medam ke yo konnen sou non: Ermith ak Véronique ki tap jere kès “Bank Pa Nou”, ki te gen biwo anndan Radio Génération 80, vòlè e pati ak lajan malere yo. Divès nan manb sa yo, ki 2 men nan tèt ak gwo sezisman dan sere, pa arive konprann sak pase a.

Manb yo konkli pou di, Prezidan Konsèy la te di l ap remèt moun yo lajan yo. Li te kòmanse avèk 10 moun sèlman anviwon ki te jwenn lajan yo, aprè sa yon bal pa pati. Nad marinad, Prezidan finalman deklare viktim yo, biznis li pa gaya e lap pran gwo sekous ekonomik, si yo bezwen lajan yo se fè presyon sou 2 manman vòlèz yo, oubyen al moute lwil ak chandèl galbanno devan lèsen!

Comments are closed.