Yon gwoup senpatizan prezante Me Irène Clergé kòm lidè politik pati “Bon Combat d’Haïti” jounen jodia nan komin Ansafolè

915

11-24-2023

Ansafolè, Ayiti____(TRiboLAND) Se jodi vandredi 24 novanm 2023 vè 10 : 30 nan maten, nan vil Ansafolè, Madam Claudia Jn Baptiste bay yon konferans pou lapwès nan objektif pou fè pwomosyon ak prezante popilasyon an lidè pati “Bon Combat d’Haïti” a, Madam Irène Clergé sou lobedyans Board Nord Ouest.

Pou anpil senpatizan pati “Bon Combat d’Haïti” yo, Madam Irène Clergé kòm pwezidant pati a, genyen anpil li kapb ofwi pou bay pati politik la jarèt. Pou Madam Jean Baptiste, ri se repwezantan BCH nan Nòdwès peyi a, chèf karismatik la genyen yon sèl vizyon, ki se pran ba direksyon peyi a yon fason fòmèl ou demokratik. Konsa, ap ka genyen yon klima lapè inifye ak serenite.

Antouka, yon konferans pou lapwès ki te reyini plizyè dizèn senpatizan ki te pote kole e ki t’ap aplodi chwa Madam Clergé a. Jean Baptiste ki se lidè depatmantal la, t’ap pwone yon Nòdwès djanm e pwospè; pou yon Ayiti mèyè, sa mande pou moun fè lidè Clergé konfyans pou pran tèt peyia.

N’ap raple foto ak vizyon lidè a te distribye e pataje ak tout patisipan yo e pwomèt wè rèv Madam Irène Clergé vin yon reyalite men nan men ak Board Nord Ouest.

Victor Jn Erard ‎

Comments are closed.