Rodolphe Jaar parèt tout tèt li kòm yonn nan asasen ansyen chèf Leta asasinen peyi Dayiti a.

1,369

Rodolphe Jaar pa mete dlo nan bouch li, pou l di ke’l te patisipe nan plan pou ekzekite ansyen prezidan Peyi Dayiti a, Jovenel Moïse.

01-22-2023

Etazini, Ayiti_____(TRiboLAND) Dapwè yon jounal nan peyi Etazini ki pote non New-York Times, li fè konnen Rodolphe Jaar, ki trouve li anba men Lajistis nan peyi blan meriken, deklare ke l te bay anviwon 130.000 dola vèt pou te mete an egzekisyon plan asasinay ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, mesye Jovenel Moïse.

Jounal la rapouswiv pou li di, Jaar ale pi lwen poul di, li te angaje’l nan fè bwàs ak ede jwenn plis zam ak mwayen lojistik pou konlonbyen yo pase tan nan planifikasyon krim nan.

Poze’l kesyon pou konnen, ki sa ki esplike yon parèy enplikasyon nan asasinay ansyen chèf Leta peyi Dayiti a? Rodolphe Jaar reponn, “se paske non sèlman, prezidan an te vin twò awogan”, men tou, aprè egzekisyon plan asasinay la, li te gen espwa benefisye yon latriye avantaj komèsyal nan peyi Dayiti.

Comments are closed.