Yon kay bwile ak tout sa ki ladan l, nan lokalite Vètis 2 nan Senlwidinò

197
0
Share:
TRiboLAND

07-23-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon entèvyou TRiboLAND reyalize ak Saintil Djimy jounen vandredi 22 jiyè 2022 a, li konfime vrèman lakay li boule ak tout sa li te posede nan dat 21 jiyè pase a, nan lokalite Vètis 2, nan komin Senlwidinò, vè 6zè nan aswè. Pou koulye a, li menm ak fanmi li lage nan lari, de (2) bwa balanse, san espwa.

Daprè Djimy, pa gen pyès moun ki rive idantifye orijin dife a. Yon dife ki pati ak tout sa li te redi pouf è pandan plizyè ane. Yon lòtbò, li pwofite okazyon an, pou l mande tout moun ki gen bòn volonte pou asiste yo fè fas ak yon parèy enpas, lè ou konpran se tout resous li ki pati nan lafumen nan yon sèl jou.

Pierrilien Nicol Colly

Share:

Leave a reply