Mond evanjelik la nan Jeremi andèy.

247
0
Share:
TRiboLAND

11- 04 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk anpil tristès ak dlo nan je, manm popilasyon an, sitou sektè pwotestan apwann lanmò Calixte Thostaro, animatè evanjelik ” Emisyon Seròm Matinal” sou radyo Thera nan Jeremi.

Selon pwòch defen an, pandan yon bout tan Calixte Thostaro te soufri yon maladi ki te oblije’l al pwan swen nan repiblik Dominikènn malgre tout demach sa yo, maladi a ki te vinn transfòme an kansè ki mete fen nan lavi li.

Pou konnye a, patizan, senpatizan, fidèl legliz pwotestan yo nan Jeremi ak res komin depatman Grandans lan, ap poze kesyon pou konnen eske fanmiy lan ap rapatriye kò a nan Jeremi. Kèk lòt moun estime ke fineray animatè Calixte Thostaro, riske chante nan repiblik Dominikèn, si tout fwa fanmiy regrete a ta jwen otorizasyon bò kote responsab dominiken yo.

Ke nanm defen an repoze nan trankilite absoli e ke fanmiy ak zanmi jwen rekonfò yo nan Bondye ki mèt latè.

Share:

Leave a reply