Antreprenè Duchêne Petit-Frère bay Leta responsab absans pèleren yo nan fèt Wanament lan.

549

08-16-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad yon entèvyou ansyen kandida pou pòs senatè Nòdès peyi a, Duchêne Petit-Frère bay pandan lannwit 15 dawout 2023 a, fè konnen akòz lamizè, peleren yo pa prezan nan fèt la jan sa konn ye ane sila a.

Ansyen kandida pou pòs senatè nan depatman Nòdès la drese yon tablo malmakak sou selebrasyon fèt patwonal sila nan Wanament. Li estime, rezon fandamantal ki koz di pèleren yo pa reponn prezan nan fèt la, se akoz la mizè.

Mèt Duchène Petit-Frère denonse Leta santral ki entèdi 23 pwodwi rantre nan peyi a, daprè antrepenè a se akoz entèdiksyon pwodwi sa yo ki fè nivo mizè a ogmante konsa. Li deklare, sa pat janm dejenere konsa oparavan.


Comments are closed.