Jan Rabèl Edikasyon : Lansman ofisyèl pwogram chanje lavi ak alfabetizasyon

2,594

Fanuance HODNEY – 04/03/2022

Jan Rabèl, Nòdwès____(TRiboLAND) Pwogram chanje lavi ak alfabetizasyon lanse nan depatman Nòdwès la, an patikilye nan komin Jan Rabèl, jodi dimanch 3 avril 2022 an. Yon pwogram ki chita sou twa aks estratejik : 1- konn li, konn ekri ak kalkile; 2- Gen yon metye; 3 – viv ak metye-w.

Daprè yon etid ke yo fè sou plan statistik, nan depatman Nòdwès la gen plis ke 160 000 moun ki pa konn li e nan komin Jan Rabèl, gen plis ke 30 000 moun nan yo. Pwogram sa lanse nan lide pou kouri dèyè analfabèt, anplis pou pèmèt moun yo gen yon metye ou ranfòse sila yo ki deja gen yon metye ak Renouvo Nòdwès.

Nan prezans divès kad nan Ministè Edikasyon Nasyonal, Majistra yo nan komin nan ak plizyè manm òganizasyon kominotè de baz; madam Paulna Julien Brutus prezante e lanse “Pwojè Chanje Lavi” a, kap kòmanse depi demen lendi 4 avril 2022 a.

Plis pase yon santèn fòmatè deja disponib pou kòmanse montre moun li ak ekri; soti nan laj 15 pou rive 60 lane. Montre sila yo ki poko gen oken metye oubyen akonpanye sila yo ki deja gen yon metye.

Nan Diskou madam Brutus la, li di moun yo analfabèt pa bèt, yo pa bezwen pè ak wont pou aprann li ak ekri. Se pito dirijan yo li konsidere tankou bèt paske yo pa etabli bon jan kondisyon pou moun yo te aprann li ak ekri jan sa mansyone nan manman lwa peyia.

Fanuance HODNEY

Comments are closed.