Mesye Lesly Théogène bay direksyon depatmantal komès Nòdès la divès materyèl

757

08-12-2023

Kominike 001/ Mesye Lesly Théogène/ Distribiye materyèl bay DDNE-MCI

Fort-Liberté Vandredi 11 Out 2023.-

Sitwayen Lesly Theogène distribye nan jounen vandredi 11 dawout 2023 a, plizyè materyèl bay Direksyon Depatmantal Nòdès Ministè Komès ak Endistri (DDNE-MCI).

Yon laptop, yon vantilatè ak yon jeneratè, se kantite materyèl sila yo ke Mesye Théogène remèt bay Administratris Roudeline ADRIEN ak enspektè Marc André Bernard. Konsa, yo pral disponib pou DDNE-MCI kapab arive delivwe pi bon sèvi pou popilasyon Nòdès la.

Vrèman vre, Mesye Théogène fè don sa nan objektif pou ranfòse pèfòmans Direksyon an kap fè fas ak anpil pwoblèm. Malgre difikilte leta Santral rankontre, Mesye Théogène toujou ap sipòte lide pou ede depatman li a.

Se avèk yon santiman filantwopik ak patriyotik ke Lesly Théogène te distribye materyèl sa yo bay Leta ayisyen; konsa, yo pral ede direksyon depatmantal komès la pi djanm e itil popilasyon Nòdès la.

Ken-Rick Fernando JOSPEPH, resp. Kominikasyon Mesye Lesly Théogène

Comments are closed.