Popilasyon nan Matisan 23 touye e bwile devanjou yon prezime vòlè motosiklèt

183
0
Share:
TRiboLAND

11\24\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Popilasyon Matisan an ki localize nan antre Sid kapital la bat yon prezime vòlè motosiklèt jodi madi 24 novanm 2020 an.

Se yon dram ki pase byen bonè devanjou maten an nan zòn Matisan 23 nan moman plizyè sitwayen sou katye a arive mete men sou prezime vòlè a ki te genyen yon motosiklèt ke li te apèn sot vòlè pandan lanwit.

Endividi sa ke yo pa arive idantifye te krabinen e mouri anba kolè men plizyè manm sou katye a ki finalman bwile kadav la nan lari piblik la, daprè plizyè sous nan katye Matisan 23, nan Pòtoprens.

Share:

Leave a reply