Plizyè sitwayen nan lokalite Ba Sentàn lanse yon kotizasyon pou pèse twonson wout Ba Sentàn – Ansafolè a.

831

Yon jèn, yon galon gaz, se eslogan sitwayen yo nan lokalite Ba Sentàn pa sispan klewonnen; yo mande pitit komin nan, deyò tankou andedan, kole men yo ansanm pou reyalize twonson wout Ba Sentàn – Ansafolè a.

11-15-2023

Ansafolè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sitwayen nan komin Ansafolè ak konplisite plizyè lòt lokalite nan komin nan, pa deside bat ba. Nan lide pou kontinye ak travay twonson wout Badsentàn – Ansafolè a, plizyè sitwayen ak sitwayèn nan tèt kole ak direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès la, lanse yon apèl solanèl ak tout pitit komin Ansafolè k’ap viv nan komin nan tankou nan dyaspora a, pou arive kole pyese pou pèse twonson wout Ba Sentàn – Ansafolè a.

Pou sa rive fèt, sitwayen yo lanse yon marathon, kote yo mande chak pitit nan komin nan ki gen volonte djanm, pou bay pou pipiti yon galon gaz nan lide pou rive debouche twonson wout Ba Sentàn – Ansafolè a, ki reprezante yon, dezè, yon kaskèt chinwa, pou peyizan k ap sòti nan tout ti kwen pou al vann danre nan komin Ansafolè ak lòt zòn ki gen mache yo.

Wòch ap kraze, tè ap kase, pye bwa ap pèdi vi, wè pa wè pou popilasyon an, yo deja demare; kidonk, batay la deja lanse, yo pap fè bak. Yon jèn, yon galon gaz!

Comments are closed.