Lapolis nan 2è vil peyi Dayiti mare kou krab 2 endividi ki pran malen plezi fè pwesyon sou biznis pou jwenn lajan.

844

Lapolis nan vil Kap-Ayisyen mare kou krab, Telford Edner ak Dieudonne Philogène, pou tèt yo te al fè pwesyon sou “Flex location” pou yo ka jwenn lajan.

08-12-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal nan Nò peyi Dayiti, anonse jounen samdi 12 dawou 2023 a, yo poze lapat sou 2 gwo koure ki pran malen plezi al ransone yon biznis ki pote non “Flex Location”, nan kafou èpòt la.

2 gwou koure sa yo, se Telford Edner alias Zero ak Dieudonne Philogène alias Done, tou 2 fè pati yon gang k ap opere nan lokalite Kafou Avyasyon, nan vil Okap..

Dapwè enfòmasyon lapolis nan Nò peyi a mete disponib, yo rive sènen 2 gwo koure sa yo, nan moman yo ta pral resevwa 8,000 dola nan men responsab enstitisyon “Flex Location” yo, ki twouve yo nan zòn Kafou èpot.

N’ap raple’w, aprè gwo kout filè sa a, popilasyon an pat mete dlo nan bouch li pou te montre gwo kontantman yo genyen parapò ak mizè yo te konn pase anba men 2 gwo koure sa yo ak tout akolit yo.

Comments are closed.