Lapolis fè yon gwo kout filè nan kan gang Vlilage de Dieu ke Izo ap dirije

874

Zepequenio ensikoni, dezyèm Gran Toryan gang Izo, 5 segonn, arete avèk 2 zam sezi, se bilan fòs lòd yo jounen dimanch 9 avril 2023 a.

04-09-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal peyi Dayiti fè yon gwo kout filè jounen dimanch 9 avril 2023 a, kote yo arive fouke dezyèm chèf gang, “Izo 5 Segonn” lan ki pote non, Zepequenio, san konte 2 lòt zam ke yo sezi.

Lapolis ki pap dòmi nan dènye jou sa yo, kwaze ak toro sangwen an bab pou bab, 2 zam sezi, pandan li tap prepare’l pou ale pran plezi’l nan lanmè, nan kot Sid peyi a.

Malgre bilan yo dràmatik nan kan Polis Nasyonal peyi Dayiti a bay gwo tèt vire sòti nan mwa mas pou rive nan mwa avril la, sa pa anpeche yo kontinye ap fwape tèt pou tèt, tengal pou tengal ak òganizasyon sanginè a ki pa sispann mete dlo chak jou ki jou nan degrenn je pèp ayisyen.

Comments are closed.