Jounen Mondyal Jenès: Deris Kolsky Trompé swete tout jèn onèt ak pwogresis yo bon konba

210
0
Share:
TRiboLAND

 08-12-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan okazyon 37èm edisyon Jounen Mondyal Lajenès, ki selebre chak 12 dawout chak ane. Jèn lidè Deris Kolsky Trompé wete chapo-l pou salye tout jenn fanm ak jèn gason onèt ak pwogresis kap mennen yon seri batay nan dinyite.

Jèn lidè a ki rekonèt nan mitan jenès Pòdpe a, gen anpil move grenn kap pouse yon seri jèn nan move zafè; anpil fwa ki vizibleman idantifye, jèn sa yo dwe nan plas yo ye a. Sepandan, pèsòn pa gen dwa pou krache sou jefò anpil jèn ap fè pou yo rete onèt, malgre tout kalte obstak yo rankontre sou wout yo.

Jèn lidè a fini pou di, li kont tout kanpay denigreman anvè jèn onèt yo. Sitou lè se yon yon seri manèv politik ki kache dèyè zak bwiganday sa yo.

Share:

Leave a reply