Sektè près la, nan têt kole ak òganizasyon Grandans REVEYE, òganize yon sware omaj pou jounalis Liliane Pierre Paul.

767

08-12- 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Sou inisyativ sektè laprès la nan Jeremi, nan tèt kole ak Grandans REVEYE e yon òganizasyon nan sosyete sivil depatman Grandans lan, òganize yon gwo sòlòkòtò pou rann “omaj” e di jounalis Liliane Pierre Paul “Ce n’est qu’un au revoir” nan sware vandredi 11 dawout 2023 an.

Aktivite yo te dewoule nan mini stadium Sténio Vincent an. An gwo, yo te plis chita sou mete an valè zèv Liliane Pierre Paul kòm jounalis.

Nan yon atmosfè angwase e tris, konfrè jounalis tout plimay atravè Grandans, te fè santi prezans yon nan yon parèy sikonstans ki te mete anfaz sou lavi jounalistik ak angajman defen an nan defann ap pwezève libète lapawòl nan peyi Dayiti.

Comments are closed.