Gwo konfli tèryen eklate ant fanmiy Saint Louis ak fanmiy Bouget nan 3èm seksyon Twou Chouchou, lokalite Nan Plèn, komin Tigwav

33
0
Share:
TRiboLAND

10 – 03 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Fanmiy Bouget chita pale ak laprès vandredi 02 oktòb 2026 lan, nan 3èm seksyon Twouchouchou, komin Tigwav, lokalite Nan Plèn, sou konfli tè yo di ki egziste ant 2 fanmiy Saint Louis ak fanmi Bouget.

Selon fanmiy Bouget, konfli tè sa a eklate, se swit ak yon swadizan lopital kominotè yo di fanmiy Saint Louis ap konstwi nan zòn nan, san yo pa chita pale ak pèson e ak responsab òganizasyon yo. Se konsa, yo leve yon bon jou, fanmiy Saint Louis deside itilize tè yo an gwo ponyèt pou fè wout rive nan lopital swadizan yo di y’ap konstwi nan zon nan.

Fanmiy Bouget deklare yo vle lopital la konstwi e yo pou lopital la konstwi, daprè sa yo presize lopital ap itil yo nan zòn nan; sepandan, yo ensiste ke se pa nan tè fanmiy Bouget y’ap itlize pou yo pase pou ale nan lopital la. Pou yo menm, genyen plizyè lòt pibon branch wout ke yo te kapab itilize pou ale nan lopital la.

Fanmiy Bouget rapouswiv pou fè konnen ke se gwo tanta yo genyen tè fanmiy lan; se pa zafè lopital yo vle konstwi vrèman. Yo enpleman itilize dosye lopital la pou yo regle zafè pèsonèl yo ak fanmiy Bouget.

Toufwa, fanmiy Bouget estime pwoblèm konfli tè sila a, twò dire. Se konsa, yo mande lajistis nan jiridiksyon Tigwav la, espesyalman komisè Danilo Vales pou mete fen nan konfli tèryen sila a ki egziste pandan lontan ant 2 fanmiy yo nan 3em seksyon Twou Chouchou , nan lokalite Nan Plèn; kidonk, sa ap evite twòp san koule nan kad dosye a.

Share:

Leave a reply