Malgre kalamite pèp ayisyen an, bandi sangwen mande yon magogo lajan pou otorize yon konvwà sanitè pase nan Matisan

1,177

08/14/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bandi ame sangwen kanpe an kwà nan Matisan (3 èm sikonskripsyon ) pou pa bay yon konvwà sanitè pasaj pou arive pote sekou bay depatman Nip, Grandans ak Sid ki afekte seryezman jodi samdi 14 out 2021 an anba grif gwoudou gwoudou 7.2 a, selon echel Richter a.

Bandi ame alye PHTK yo ki genyen plis pase 3 mwà depi ke yo defye otorite ayisyen yo san punisyon, (kraze bwize, kidnape, bwile, chase rezidan ak touye malere) egzije 100, 000 dola ameriken pou fasilite convwà sanitè a pase nan antre Sid kapital la.

Paralèlman, BINUH ki te toujou deklare ke bandi gang yo redwi to kriminalite a anndan peyi Dayiti, ekspwime tristès li fas ak katastwòf gran echèl sa ki fè anpil dega yon lòt fwà ankò nan peyi Dayiti. BINUH pwezante famiy viktim yo senpati ak solidarite. Strikti Nasyon Tèt Kole a, pwomèt pou kolabore avèk gouvènman ayisyen an nan pote men fòt bay viktim yo.

Comments are closed.